Here I share ideas, tips, and updates about personal growth, purpose discovery, apps, and books. Check back regularly for new content to help you learn, grow, and stay inspired.

Chanjman kòmanse ak konesans — pa sèlman edikasyon.
Anvan yon nasyon ka leve, pèp li a dwe konprann twa bagay: tèt li, sistèm li ap viv ladan li an, ak sik ki bloke li a.
Ou pa ka kraze yon sik ou pa konprann, e ou pa ka rebati yon nasyon si ou pa konnen kiyès ou ye.
Blog sa a baze sou Etap 1 nan seri 10 Etap pou Kraze Sik la epi Rebati Nasyon an.
Yon pèp ki pa konnen tèt li, pa ka bati yon nasyon solid.
Anvan nou pale sou sistèm opresif la, nou dwe konsantre sou ou menm. Ou dwe reponn:
Kiyès ou ye?
Ki kote w ap ale?
Kote w soti?
Poukisa w la?
Kisa ou kapab fè? Ki talan oswa potansyèl ou genyen?
Poukisa li enpòtan:
Objektif ou ba ou fòs pou leve pi wo pase sistèm nan
Konnen tèt ou ede w wè wòl ou nan rekonstriksyon nasyon an.l
Yon nasyon se idantite kolektif moun kap viv ladan’l.
Vèsè Biblik: Oze 4:6
“Pèp mwen yo peri paske yo pa gen konesans.”
Sa a se pa konesans lekòl — se konesans idantite, objektif, ak potansyèl.
Lè pèp la konnen tèt li, yap kapab wè sistèm nan klè.
Kriz Ayiti a pa o aza oswa aksidantèl. Li se yon sistèm ki konstwi depi syèk. pou kreye:
Povrete
Depandans
Divizyon
Enstabilite
Sistèm nan genyen:
Rasin: kolonyalis, dèt, entèferans etranje
Estrikti: kontwòl ekonomik, manipilasyon politik
Zouti: lapèrèz, inyorans, koripsyon
Objektif: kenbe nasyon an fèb epi divize
Vre sans:
Si ou pa konprann sistèm nan, w ap konbat move ènmi.
Egzanp: Metòd “5 Poukisa” Toyota itilize pou jwenn rasin pwoblèm nan ka ede nou dekouvri kòz pwoblèm Ayiti yo.
Sik sa a espirityèl, istorik, sikolojik, ekonomik, ak edikatif. Li kontinye paske pèp la podyab pa konnen:
Kiyès yo ye
Ki jan sistèm nan mache
Ki jan pou simonte sistem nan.
Sik la gen ladan:
Povrete
Mantalite pou siviv
Move lidèchip
Edikasyon:
Bay enfòmasyon
Prepare w pou travay nan sistèm nan
Ka pwodwi diplòm san transfòmasyon
Konesans:
Revele verite
Bay konpreyansyon
Eksplore sistèm nan
Reveye idantite
Pwodui sajès
Note sa :
“Edikasyon ba ou yon travay; konesans ka rebati yon nasyon an.”
Sa yo se fondasyon pou chanjman nasyonal:
Konnen Kote w Soti — kise Kreyatè w, Bondye ak prensip Li yo
Moun fèt nan imaj Bondye (Jenèz 1:26) pou yo panse, deside, ak domine.
Konnen Tèt Ou
Idantite, Objektif, Potansyèl
Chak Ayisyen gen yon don inik pou ede rebati nasyon an
Konnen Sistèm nan
Konprann istwa li, pyèj li yo, ak modèl li
Konnen Nasyon an
Potansyèl Ayiti, resous li, ak pozisyon li
Konnen Wout Solisyon an
Estrateji, Lidèchip, Kominote, Disiplin, Vizyon alontèm
Sitasyon:
“Ou pa ka chanje yon nasyon ou pa konprann.”
Pwovoke chanjman nasyonal
Konesans kraze sistèm mantal ki kenbe nou nan povrete
Konprann sistèm nan bay estrateji
Sistèm nan tonbe lè:
Pèp la jwenn konesans
Pèp la konprann idantite yo
Pèp la ini
Pèp la swiv prensip yo
Poze tèt ou kesyon:
“Ki pati nan sistèm nan ki afekte w plis?”
Abone pou pwochen sesyon an:
➡️ Sesyon 2 — Idantite: Kiyès Ou Vrèman Ye ak Wòl Ou nan Rebati Ayiti

Nou kwè chak moun gen yon potansyèl enkwayab, yon misyon pou akonpli, epi kapasite pou fè diferans nan kominote yo. Jeancandio Akademi isit la pou ede w dekouvri kiyès ou ye, devlope don ou, epi kreye enpak pozitif nan lavi w ak nan lavi lòt moun. Pa rete dèyè — rantre nan mouvman an, grandi, epi fè diferans la ansanm avèk nou.