Here I share ideas, tips, and updates about personal growth, purpose discovery, apps, and books. Check back regularly for new content to help you learn, grow, and stay inspired.

Hello and welcome to JeanCandio Academy.”
Jodi a nou pral prezante w yon “script” ki te ekri depi plizyè syèk pou kraze nasyon, kenbe yo pòv, epi anpeche yo leve tèt yo.
Script sa a te aplike sou Lafrik — men li aplike sou Ayiti tou.
Nou pral montre:
✔ avantaj sistèm nan (poukisa li travay)
✔ feblès li (poukisa li pa ka kontinye menm jan ankò)
✔ epi kijan nou ka kòmanse kraze chenn yo.
Ant 15 Novanm 1884 e 26 Fevriye 1885, 14 peyi Ewopeyen yo te reyini nan Bèlen pou divize Lafrik, trase fwontyè, pran resous, e mete sistèm ki toujou egziste jodi a.
Sa pa t sèlman istwa.
Sa se yon metòd.
Yon metòd ki baze sou:
Divizyon
Manipilasyon
Depandans
Eksplwatasyon resous
Naratif ki kontwole
Edikasyon ki pa devlope pèp la
Lidè ki sèvi enterè etranje
Kesyon an se:
Eske menm metòd sa yo ap aplike sou Ayiti jodi a?
Nap li script la, epi ranplase moAfrikpaAyiti, pou nou kapab wè pi klè.
Sa ki anba a se metòd ki te itilize kont anpil nasyon. Nou itilize l pa pou dekouraje w — men pou ouvri je nou sou estrateji pou kraze l.
Pou kenbe Ayiti fèb:
Kenbe pèp la divize: nwa vs milat, vil vs pwovens, relijyon vs relijyon
Mete lidè ki sèvi enterè lòt peyi
Finanse gang, konfli, opozisyon
Touye oswa retire lidè ki vle bati peyi a
Kontwole resous: min, petwòl, agrikilti
Kenbe ekonomi an fèb, an dèt
Sabote endistri lokal
Kontwole medya ak naratif
Fey pèp la panse yo pa vo anyen
Fòme jèn yo pou yo memorize, pa pou yo kreye
Ankouraje briyan yo kite peyi a
Kenbe lame a fèb
Fòse depandans sou ONG ak charite
Fè yo kwè yo pa ka sove tèt yo san etranje
Fòmlil la senp:
Divize → Kòripsyon → Eksplwatasyon → Misedikasyon → Depandans → Pwopagann → Tiranri Sistèmik
Men… gen gwo fann nan sistèm sa a kounye a.
E se fann sa yo kap pèmèt Ayiti leve.
Sistèm nan egziste depi syèk; li adapte, li teste, li konn travay.
Konflil politik, relijye, sosyal ka reveye fasilman.
Resous Ayiti (min, metal, tè) enteresan anpil pou gwo peyi.
Dèt ak prè entèlektyèl kenbe peyi yo nan chenn finans.
Nou vann matyè premyè — nou achte pwodwi fini.
Medya entènasyonal kontwole imaj Ayiti.
Moun ki plis konpetan yo kite peyi a.
Yo fòme travayè, non inovate.
Koripsyon toujou yon zouti pou kontwole pouvwa.
Lame fèb → depann de fòs etranje → pa gen souverènte reyèl.
Jèn yo wè blueprint la.
Agritech, fintech, aplikasyon, AI, ak biznis lokal ap boujonnen.
Pa gen yon sèl “mèt planèt” ankò.
Entènèt kraze baryè kolonizasyon entelektyèl.
Pèp yo ka pale dirèk.
BRICS, fon altènatif, kolaborasyon rejyonal.
Pwotestasyon, mouvman jèn yo, ak reveye mantal.
Divize pèp la, mete lidè kòripsyon, kontwole ekonomi, resous, medya, sistèm edikasyon, sekirite, ak opòtinite.
Konnen k ap leve, teknoloji, dyaspora ki reveye, mond multipolè, jèn ki pran konsyans, menm lidè rejyonal k ap chanje règ yo.

Nou kwè chak moun gen yon potansyèl enkwayab, yon misyon pou akonpli, epi kapasite pou fè diferans nan kominote yo. Jeancandio Akademi isit la pou ede w dekouvri kiyès ou ye, devlope don ou, epi kreye enpak pozitif nan lavi w ak nan lavi lòt moun. Pa rete dèyè — rantre nan mouvman an, grandi, epi fè diferans la ansanm avèk nou.