Blog and Insights

Here I share ideas, tips, and updates about personal growth, purpose discovery, apps, and books. Check back regularly for new content to help you learn, grow, and stay inspired.

Haiti economic independence and local production

Endepandans Ekonomik Ayiti

December 09, 20253 min read

Etap 4 🇭🇹 — Endepandans Ekonomik

Kraze Sik Lit Ayiti a

Objektif: Kraze depandans ekonomik epi bati yon ekonomi Ayisyen ki ka soutni tèt li
Prensip santral: Yon nasyon ki pa kontwole pwodiksyon, komès, ak resous li pa janm vrèman lib.


ENTWODIKSYON

Ayiti pa pòv paske li pa gen resous.
Ayiti pa anreta paske pèp la pa travay.

Ayiti ap soufri paske li pa kontwole ekonomi li.

Pandan plizyè jenerasyon:

  • Nou pwodui, lòt moun pwofite

  • Nou travay, lòt peyi vin rich

  • Nou ekspòte matyè premyè, nou enpòte pwodwi fini pi chè

Sa pa yon aksidan.
Se yon sistèm depandans ekonomik.

Si nou vle kraze sik sa a, endepandans ekonomik pa opsyon — men se obligasyon.


KISA ENDPEPANDANS EKONOMIK YE?

Endepandans ekonomik se lè:

  • Yon peyi konsome sa li pwodwi

  • Lajan sikile andedan kdepatman yo

  • Travay lokal kreye richès lokal

  • Peyi a pa oblije bese tet sou presyon ekstèn poul siviv

San endepandans ekonomik:

  • Politik Ayiti vin fèb

  • Lidè yo vin fasil pou manipile

  • Souvrenntepeyi a vin senbolik sèlman

Ekonomi se zo rèl do nasyon an.


ENDISTRI LOKAL vs EKSPÒT MATYÈ PREMYÈ

Pwoblèm lan

Ayiti exporte kom matye premye:

  • Mango kri

  • Vetivè kri

  • Angi

Lòt peyi:

  • Transfòme yo

  • Mete mak sou yo

  • Revann yo 5, 10, menm 20 fwa pri orijinal la

Nou travay. Yo touche.

Sa kenbe Ayiti:

  • Nan depandans

  • Nan dèt

  • Nan feblès estriktirèl


Solisyon an: pwodiksyon & transfòmasyon lokal

Pou kraze sik sa a, nou dwe:

  • Devlope ti faktori lokal

  • Ankouraje transfòmasyon pwodwi (pa egzanp: moulen kafe , chokola, lwil, savon)

  • Fè “Made in Haiti” tounen yon senbòl fyète

Nou dwe sispann vann potansyèl nou an bon mache.


ANTREPRENARYA & INOVASYON: MOTÈ CHANJMAN AN

Men kek peyi ki te kolonize epi ki leve:

  • Japon

  • Kore di Sid

  • Rwanda

Yo tout fè menm chwa a:
➡️ Yo envesti nan antreprenè lokal ak inovasyon.

Ayiti bezwen:

  • Antreprenè, pa sèlman politisyen

  • Biznis ki rezoud pwoblèm, pa biznis opòtinis

  • Inovasyon ki adapte ak reyalite lokal yo

PA Egzanp:

  • Kooperativ agrikòl

  • Atizana ak e-commerce

  • Teknoloji senp pou agrikilti

  • Enèji solè kominotè

  • Finans dijital pou ti biznis

Se pa gwo pwojè sèlman ki chanje yon nasyon.
Se plizye ti inisyativ serye.


ALFABETIZASYON FINANSYÈ & KREYASYON RICHÈS

Yon pèp ki pa konprann lajan:

  • Toujou depann

  • Toujou prete

  • Toujou pèdi

Nou dwe fòme:

  • Moun ki konnen fè bidjè

  • Fanmi ki konnen ekonomize

  • Kominote ki konprann envestisman

  • Kooperativ ak fon kominotè transparan

Se pa Lajan ki pa renmen’w
Se konsyans ekonomik ou manke.


LÈ GEN PRESYON SOU LIDÈ LOKAL YO

Lè Ayiti fè pa pou devlope pwodiksyon:

  • Presyon diplomatik

  • Akò komèsyal kanpe

  • Finansman bloke

  • Sabotaj entèn parèt

Reyalite a senp:
Oppressè yo pa pè Ayiti pòv.
Yo pè Ayiti endepandan.


KIJAN POU REZISTE POU PWOTEJE PWODIKSYON PEYI NOU

1. Desantralize ekonomi an

Pa mete:

  • Tout endistri

  • Tout pouvwa

  • Tout solisyon

nan men kèk moun sèlman.

Kooperativ + rezo lokal = rezistans.


2. Fè konsomasyon lokal tounen yon zam

Si pèp la:

  • Achte pwodui Ayisyen

  • Sipòte pwodiktè lokal

  • Sispann meprize sa ki lakay

Epi Presyon ekstèn ap pèdi efikasite’l.


3. Sevi ak Dyaspora a kòm patnè, pa kòm sovè

Dyaspora a pa pra’l:

  • Sove Ayiti

Men li kapab:

  • Envesti

  • Louvri mache

  • Pataje teknoloji

  • Soutni biznis lokal

Se Pa lacharite nou bezwen .Men, envestisman estratejik.


4. Devlope lidè ki pa ka achte

Lidè ki:

  • Gen prensip

  • Endepandan finansyèman

➡️ Yo pi difisil pou konvenk anba presyon.


5. Fè edikasyon ekonomik tounen yon zam de mas

Lè pèp la konprann:

  • Sistèm ekonomik la

  • Jwèt la

  • Entèrè reyèl yo

Yo vin plis apiye ekonomi nasyonal la.


NOU TOUT DWE METE MEN

Reponn kestyon sa yo:

  1. Ki pwoblèm lokal mwen ka rezoud?

  2. Ki resous lokal mwen ka itilize?

  3. Kiyes ki kliyan mwen?

  4. Kiyes ki patnè mwen?

  5. Kijan sa ka benefisye kominote a?


Pou Kooperativ kominotè

  • 5–20 moun

  • Yon aktivite klè

  • Yon fon kolektif

  • Transparans & responsabilite


KONKLIZYON

Nou pap ka kraze sik ki kenbe Ayiti nan povrete a:

  • Ak slogan

  • Ak eleksyon sèlman

  • Ak manifestasyon

San ekonomi pa nou.

Endepandans ekonomik:

  • Bay nasyon diyite

  • Pwoteje lidè yo

  • Kreye travay

  • Kraze depandans

Avni Ayiti ap bati
lè Ayisyen pwodwi pou Ayisyen.

E etap sa a kòmanse ak ou.


endepandans ekonomik Ayitibreaking Haiti poverty cyclepwodiksyon lokal AyitiHaitian economyHaitian entrepreneurshiplocal production in Haiti
blog author image

Jean Delio Candio/JeanCandio Academy

Jean Candio se fondatè JeanCandio Academy. Li dedike li pou ede moun dekouvri rezon ki deye egzistans yo, libere mantal yo, epi sèvi ak sistèm ,zouti ki disponib pou anseye sou dominasyon, valè, ak lwa nań lavi.

Back to Blog

Nou kwè chak moun gen yon potansyèl enkwayab, yon misyon pou akonpli, epi kapasite pou fè diferans nan kominote yo. Jeancandio Akademi isit la pou ede w dekouvri kiyès ou yedevlope don ou, epi kreye enpak pozitif nan lavi w ak nan lavi lòt moun. Pa rete dèyè — rantre nan mouvman an, grandi, epi fè diferans la ansanm avèk nou.

Kontakte nou

  • Nou disponib nan telefon (317) 779-1645